Isaiah 29:21
moun k'ap fè inonsan peye pou koupab, moun k'ap antrave travay jij yo nan tribinal, moun k'ap bay manti pou moun serye pa jwenn jistis.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 28:21Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz.
Isaiah 5:23Men, nou lage moun ki koupab yo pou lajan. Nou pa kite moun k'ap mache dwat yo jwenn jistis.
Jeremiah 18:18Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l' anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.
Jeremiah 26:2Men sa Seyè a di l': -Ale kanpe nan lakou tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki soti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Seyè a. Pa wete anyen.
Amos 5:10Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal.
Micah 2:6Moun yo ap plede di m': Sispann pale konsa! Ou pa fèt pou di bagay konsa. Sa w'ap di a p'ap janm rive.