Isaiah 10:24
Se poutèt sa, Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a di konsa: -Nou menm, pèp mwen ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè moun peyi Lasiri yo k'ap woule nou anba baton, k'ap leve men yo pou yo frape nou menm jan moun peyi Lejip yo te fè nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Talè konsa, m'ap fin regle ak nou. Apre sa, m'ap vire sou yo, m'ap disparèt yo.
Cross References
Exodus 1:10Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi, pou n' bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagè pete la a, yo ka mete tèt ansanm ak lènmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a.
Exodus 5:14Chèf kòve farawon yo te mete kèk moun pèp Izrayèl pou sèvi fòmann. Ata fòmann sa yo te anba makak tou. Chèf kòve yo t'ap mande yo: -Poukisa ni ayè ni jòdi a, nou pa t' bay menm valè brik nou te konn fè anvan an?
Exodus 14:21Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.
2 Kings 19:6men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.
Isaiah 4:3Lè sa a, moun ki rete nan sa ki te sou mòn Siyon an, moun ki va chape anba lanmò pami sa ki te lavil Jerizalèm lan, y'a rele yo: moun Bondye mete apa pou li. Bondye va kite yo viv lavil Jerizalèm.
Isaiah 9:4Paske ou kraze bout bwa ki te mare dèyè kou yo a, baton ki t'ap peze zepòl yo a! Wi, Seyè! Ou kraze bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la, tankou jou lè ou te kraze moun Madyan yo!