Isaiah 10:23
Wi, Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè lènmi mache nan tout peyi a pou yo devalize l' jan li te di l'ap fè l' la.
Bib La
In The King James Version
For the Lord GOD of hosts shall make a consumption, even determined, in the midst of all the land.
In Context
Cross References
Psalms 46:9(046:10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
Isaiah 24:1Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.
Daniel 4:35Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!
Daniel 11:36Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.