Isaiah 9:4
Paske ou kraze bout bwa ki te mare dèyè kou yo a, baton ki t'ap peze zepòl yo a! Wi, Seyè! Ou kraze bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la, tankou jou lè ou te kraze moun Madyan yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:13Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou nou pa t' rete esklav moun sa yo ankò. Mwen kase gwo kòd lwijanboje ki t'ap jouke nou an, mwen fè nou mache tèt anlè.
Judges 7:22Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat.
Psalms 83:9(083:10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
Isaiah 10:26Mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'ap pran fwèt pou m' bat yo, menm jan mwen te bat moun peyi Madyan yo bò gwo wòch Orèb la. M'ap fè peyi Lasiri soufri menm jan mwen te fè peyi Lejip soufri a.
Isaiah 14:25M'ap kraze lame wa Lasiri a nan peyi mwen an. M'ap pilonnen l' anba pye m' sou mòn mwen yo. M'ap wete pye l' sou kou pèp mwen an, m'ap wete chay li te mete sou zepòl yo a.