Isaiah 10:4
Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.
Deuteronomy 32:30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
Isaiah 9:11Seyè a fè lènmi pèp Izrayèl la leve dèyè l'. L'ap fè chèf lame wa Rezen lan atake l'.
Isaiah 9:16Moun k'ap dirije pèp la fè l' pèdi chemen l'. Pèp la lage kò l' nan bwa.
Isaiah 9:20Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agoch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo!
Isaiah 22:2Tout lavil la tèt anba. Toupatou se bri, se banbòch. Moun ki mouri nan mitan nou yo, se pa nan goumen ni nan lagè yo mouri.