Isaiah 9:20
Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agoch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 5:25Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.
Isaiah 10:4Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!
Jeremiah 19:9Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.
Zechariah 11:9Lè sa a, mwen di pèp la: -Mwen p'ap swen nou ankò. Sa ki pou mouri mèt mouri! Sa ki pou disparèt mèt disparèt! Sa ki rete yo menm, yonn mèt manje lòt.