Isaiah 10:6
Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 18:25Epitou, pa konprann se san konsantman Seyè a mwen vin atake peyi a pou m' detwi l'. Se Seyè a menm ki di m' atake peyi ou la pou m' detwi l'.
Isaiah 8:4Paske, anvan pitit la ka pale pou l' di papa manman, moun peyi Lasiri yo va gen tan pran tout richès moun lavil Damas yo ak tou sa moun Samari yo pran nan piyay, y'a pote yo ale bay wa pa yo a.
Isaiah 9:19Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn.
Isaiah 19:17Peyi Jida a ap fè kè moun peyi Lejip yo sote. Chak fwa y'a nonmen non peyi Jida nan zòrèy yo, y'a pè, paske y'a chonje sa Seyè ki gen tout pouvwa a te gen lide fè yo pase.
Isaiah 29:13Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.
Isaiah 33:14Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa?