Isaiah 8:4
Paske, anvan pitit la ka pale pou l' di papa manman, moun peyi Lasiri yo va gen tan pran tout richès moun lavil Damas yo ak tou sa moun Samari yo pran nan piyay, y'a pote yo ale bay wa pa yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Cross References
Deuteronomy 1:39Men, se pitit nou yo, sa nou di ki tapral tonbe anba men lènmi nou yo, timoun nou yo ki koulye a poko konnen sa ki byen ak sa ki mal, se yo menm ki pral antre nan peyi a. Se yo menm mwen pral bay peyi a, se yo menm ki pral rete ladan l'.
2 Kings 16:9Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin.
2 Kings 17:5Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan.
Isaiah 7:8Poukisa? Lavil Damas se kapital peyi Siri. Rezen se wa lavil Damas. Pou pèp peyi Izrayèl la menm, m' pa ba l' swasannsenkan ankò, peyi yo a ap fin kraze, yo p'ap yon nasyon ankò.
Isaiah 7:16Men, anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo.
Isaiah 17:1Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: -Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli.