Isaiah 11:15
Seyè a pral voye yon van cho ki pral cheche tout dlo gwo larivyè Lejip la. Li pral cheche dlo larivyè Lefrat la. L'ap fè l' tounen sèt ti kannal dlo, konsa tout moun ka janbe l' ak tout sapat nan pye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:21Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.
Exodus 14:29Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.
Isaiah 7:20Jou sa a, Seyè a ap fè wa peyi Lasiri a soti lòt bò larivyè Lefrat. Li va tankou yon razwa. L'ap vini, l'ap koupe tout bab ou, tout cheve nan tèt ou ak tout plim sou kò ou.
Isaiah 19:16Jou sa a, gason peyi Lejip yo ap tankou fanm: yo pral tranble, kè yo pral kase lè y'a wè Seyè ki gen tout pouvwa a ap leve men l' pou pini yo.
Isaiah 51:9Leve non, Seyè! Leve non! Mete kouraj ou sou ou, Seyè! Leve non, tankou nan tan lontan, jan ou te fè l' sou tan zansèt nou yo! Apa ou menm ki te fann Raab pak an pak? Apa ou menm ki te pèse gwo dragon lanmè a?
Ezekiel 30:12Mwen pral cheche dlo larivyè Nil la, m'ap lage peyi a nan men ansasen. M'ap fè moun lòt nasyon yo ravaje peyi a nèt ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.