Isaiah 57:14
Lè sa a, Seyè a di: -Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranblè. Wete tout bagay k'ap bare wout la devan pèp mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 35:8Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.
Isaiah 49:11M'a louvri yon bèl chemen nan mòn yo. M'a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.
Jeremiah 18:15Men, pèp mwen an bliye m'. Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase.
Romans 14:13Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.
1 Corinthians 8:9Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche.
1 Corinthians 10:32Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.