Isaiah 25:5
Yo tankou gwo solèy k'ap boule yon tè sèk. Men, Seyè, ou kase fe lènmi nou yo. Ou fè tout mechan yo fèmen bouch yo. Ou fè yo frèt tankou lè gwo nwaj bare solèy la nan sezon chalè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 8:16Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo.
Psalms 79:10Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!
Isaiah 10:8Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi!
Isaiah 13:11Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.
Isaiah 14:19Men, ou menm, ou pa menm gen yon tonm. Yo kite kadav ou ap trennen tankou kadav chen nan granchemen. L'ap pouri nan mitan kadav sòlda yo touye nan lagè, yo jete l' ansanm ak lòt kadav yo nan yon twou wòch, yo pilonnen l' anba pye yo.
Isaiah 18:4Seyè a di m' konsa: M'ap rete rete m' kote m' ye nan syèl la, m'ap gade anba san m' pa fè ankenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt.