Isaiah 13:20
Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 17:11Lekontrè, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chèf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sètmil sètsan (07.700) mouton ak sètmil sètsan (07.700) kabrit fè l' kado.
Isaiah 14:23M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
Isaiah 34:10L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.
Jeremiah 50:3Paske yon nasyon ap soti nan nò, l'ap mache pran peyi a, l'ap fè l' tounen yon dezè. p'ap gen pesonn ladan l'. Bèt kou moun ap kouri met deyò.
Jeremiah 50:21Seyè a di ankò: -Mache pran peyi moun Mira-Tayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!
Jeremiah 50:45Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun lavil Babilòn yo, sa mwen fè lide fè moun peyi Kalde yo: Sèten, ata timoun yo yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.