Isaiah 14:23
M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 14:10Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou.
Isaiah 13:21Se la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la otrich pral fè kay yo. Se la kabrit mawon pral danse kalenda.
Isaiah 34:11Se la koukou ak frize pral fè nich yo. Se la kaou ak malfini pral rete. Seyè a pral fè l' tounen yon dezè san anyen ladan li.
Jeremiah 51:25Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.
Zephaniah 2:14Se la tout kalite bèt savann pral chwazi fè kay yo. Koukou ak zagoudi pral fè nich yo nan mitan moso demoli kay wòch yo. Y'ap rele bò fennèt yo. Kaou va rele nan papòt kay yo. Y'ap rache tout bwa sèd nan chapant kay yo.
Revelation 18:2Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.