Isaiah 14:2
Anpil lòt nasyon va ede yo tounen nan peyi Bondye te ba yo a. Moun pèp Izrayèl yo menm va pran yo ak yo nan peyi Bondye te ba yo a. Y'a fè yo sèvi domestik ak sèvant. Moun ki te fè pèp la prizonye, se yo ki pral tounen prizonye pèp la. Pèp Izrayèl la pral donminen sou moun ki t'ap peze yo anba pye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Seyè a va fè nou jwenn repo apre tout tray, tout tribilasyon ak tout mizè yo te fè nou pase.
Cross References
Leviticus 25:44Lè n'a bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan moun lòt nasyon k'ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an.
Psalms 68:18(068:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
Isaiah 49:22Men sa Seyè a, Bondye a, di ankò: M'ap fè nasyon yo siyon ak men m'. M'ap leve drapo m' pou m' avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k'ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.
Isaiah 60:4Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo.
Isaiah 60:14Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Isaiah 66:12Paske, men sa Seyè a di: -Mwen pral ba li kè poze san rete. Richès nasyon yo pral kouvri l' tankou lè inondasyon dlo kouvri latè. Nou pral tankou ti bebe pou li: l'ap ban nou tete, l'a pote nou nan bra li, l'a mete nou sou jenou l' pou li jwe ak nou.