Isaiah 14:1
Wi, kè Seyè a pral fè l' mal pou fanmi Jakòb la. L'ap chwazi pèp Izrayèl la ankò pou pèp pa li. L'ap kite yo rete nan peyi ki pou yo a. Moun lòt nasyon va vin jwenn yo, y'a rete viv ansanm ak moun fanmi Jakòb yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:42Mwen menm m'a chonje kontra mwen te pase avèk Jakòb, avèk Izarak epi avèk Abraram. Wi, m'a chonje pwomès mwen te fè yo ak peyi mwen te di m'ap ba yo a.
Deuteronomy 30:3enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.
Ruth 1:16Men, Rit reponn: -Pa fòse m' kite ou! Tanpri, kite m' ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m'. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou.
Esther 8:17Nan tout pwovens yo, nan chak lavil yo, toupatou kote yo te li lèt wa a te voye a, jwif yo pase jou a ap fè fèt, yo te kontan, yo fè resepsyon, yo bay manje. Anpil moun lòt nasyon fè yo jwif lè sa a, paske yo te pè jwif yo anpil.
Psalms 102:13(0102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
Psalms 136:10Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!