The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 66 › Isaiah 66:12

Isaiah 66:12

Paske, men sa Seyè a di: -Mwen pral ba li kè poze san rete. Richès nasyon yo pral kouvri l' tankou lè inondasyon dlo kouvri latè. Nou pral tankou ti bebe pou li: l'ap ban nou tete, l'a pote nou nan bra li, l'a mete nou sou jenou l' pou li jwe ak nou.

Bib La

In The King James Version

For thus saith the LORD, Behold, I will extend peace to her like a river, and the glory of the Gentiles like a flowing stream: then shall ye suck, ye shall be borne upon her sides, and be dandled upon her knees.

In Context

11Tankou yon ti bebe k'ap tete manman l' jouk vant li plen, tankou yon ti bebe k'ap kontan souse lèt manman l', nou pral jwenn pa nou nan bèl bagay m'ap fè pou lavil Jerizalèm.

13Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.

Read all of Isaiah 66

Cross References

Isaiah 9:7Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!

Isaiah 45:14Men sa Seyè a di ankò: -Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwofi kòmès moun Letiopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a lapriyè nan pye nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Nanpwen lòt bondye tankou li. Nanpwen lòt bondye pase l'.

Isaiah 49:19Peyi nou an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, koulye a li pral twò piti pou kantite moun k'ap rete ladan l'. Paske moun ki t'ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen nou.

Isaiah 60:4Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo.

Isaiah 60:9Se yon bann bato k'ap soti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan. Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo. Y'ap pote ajan ak lò ak yo an kantite, pou sa sèvi yon lwanj pou Seyè a, Bondye nou an. Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a.

Isaiah 61:6Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 66:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 66:11Isaiah 66Isaiah 66:13 →