The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 21 › Isaiah 21:9

Isaiah 21:9

Lè sa a, yon lame kavalye parèt. Y'ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvèl la. Li di: Lavil Babilòn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidòl yo tonbe plat atè, yo kraze!

Bib La

In The King James Version

And, behold, here cometh a chariot of men, with a couple of horsemen. And he answered and said, Babylon is fallen, is fallen; and all the graven images of her gods he hath broken unto the ground.

In Context

8Gad la rele byen fò: -Mèt, m'ap rete kanpe la nan pòs mwen tout lajounen. Mwen p'ap deplase kote m' ye a. M'ap veye tout lannwit.

10Nou menm, pèp mwen an, mwen te fwote nou anba pye m' tankou moun fwote diri sou glasi. Men, koulye a m'ap fè nou konnen bon nouvèl mwen te tande a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te fè m' konn sa.

Read all of Isaiah 21

Cross References

Isaiah 14:4Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!

Jeremiah 50:2-Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l'. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.

Jeremiah 50:29Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pesonn pa ka chape. Fè l' peye tou sa li te fè. Fè l' pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l' te kenbe tèt ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Jeremiah 50:42Yo pran banza ak frenn yo. Yo mechan anpil, se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.

Jeremiah 51:27Bay siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y' al atake l'. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt.

Jeremiah 51:47Men jou yo rive pou m' regle ak vye zidòl Babilòn yo. Tout peyi a pral wont. Yo pral touye dènye moun ladan l'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 21:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 21:8Isaiah 21Isaiah 21:10 →