Isaiah 14:29
-Nou menm, moun peyi Filisti yo, baton ki t'ap bat nou an kase. Men, nou pa bezwen kontan pou sa. Paske, lè yon sèpan mouri gen yon lòt ki pi mechan pase l' k'ap pran plas li. L'ap kale yon dragon ki gen zèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Lanne wa Akaz te mouri a, men mesaj Bondye te bay lè sa a:
Cross References
Joshua 13:3ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,
2 Kings 18:8Li bat moun peyi Filisti yo, li kouri dèyè yo rive lavil Gaza ak sou fwontyè l' yo, li piye dènye kote yo te rete, depi ti bouk avanpòs yo rive nan gwo lavil ak ranpa yo.
2 Chronicles 28:18Moun Filisti yo, bò pa yo menm, t'ap piye lavil peyi Jida yo ki te nan pye mòn yo ak nan zòn Negèv la. Yo pran pou yo lavil sa yo: Bètchemès, Ajalon, Gedewòt, Soko, Timna ak Gimzo ansanm ak tout ti bouk ki te sou zòd lavil sa yo. Yo rete ladan yo.
Isaiah 11:8Ti bebe nan tete va jwe devan twou koulèv. Timoun fèk sevre va lonje men yo nan bouch twou sèpan san anyen p'ap rive yo.
Ezekiel 26:2-Nonm o! Lavil Tir pa t' manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Koulye a, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen anyen lavil Jerizalèm ankò.
Hosea 9:1Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l' la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado.