Isaiah 15:3
Nan tout lari, moun ap mache ak rad sak sou yo. Sou tout plas piblik, sou teras anwo tout kay, moun ap plenn. Dlo ap koule nan je yo tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 3:31Apre sa, David bay Joab ak tout moun ki te avè l' yo lòd pou yo chire rad ki sou yo, pou yo mete rad sak sou yo, lèfini pou yo mache devan sèkèy Abnè a ap kriye. Wa David menm t'ap mache dèyè sèkèy defen an.
Isaiah 15:2Moun peyi Moab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y' al kriye. Moun peyi Moab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.
Isaiah 22:4Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!
Jeremiah 48:38Sou teras anwo tout kay peyi Moab yo, sou tout plas piblik, se plenn moun yo ap plenn. Mwen kraze peyi Moab tankou yon kannari pesonn pa bezwen ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jonah 3:6Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife.