Isaiah 17:14
Nan aswè, y'ap bay moun kè sote. Anvan solèy leve, w'ap chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men sa k'ap tann tout moun k'ap piye nou yo, moun k'ap pwofite sou nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 5:31Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.
2 Kings 19:35Menm jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil (0185.000) sòlda. Nan maten, lè moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Psalms 37:36Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò.
Isaiah 10:28Lènmi gen tan rive nan peyi Ajat! Men y'ap travèse peyi Migwon! Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.
Isaiah 29:2Seyè a pral voye yon sèl lafliksyon sou lotèl Bondye a. Moun pral rele, yo pral plenn. Lavil la pral tounen yon lotèl Bondye tout bon kote y'ap ofri bèt yo touye pou li.
Isaiah 33:1Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!