Isaiah 33:1
Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 1:7Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.
2 Chronicles 28:16Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
Isaiah 17:14Nan aswè, y'ap bay moun kè sote. Anvan solèy leve, w'ap chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men sa k'ap tann tout moun k'ap piye nou yo, moun k'ap pwofite sou nou yo.
Isaiah 24:16Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m' ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd!
Jeremiah 25:12Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan.