Isaiah 17:2
Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 2:36Depi lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pa t' gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Seyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou.
Joshua 13:16Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a,
Isaiah 5:17Toupatou, nan lavil yo, mouton yo ap mache manje zèb tankou nan savann. P'ap gen pak ankò pou angrese bèt. Tout bèt ap lage. Y'ap mache manje toupatou nan lavil la.
Isaiah 7:23Jou sa a, kote ki te gen mil (01.000) pye rezen, epi ki te vo mil (01.000) pyès an ajan va plen pikan ak raje.
Jeremiah 48:19Nou menm k'ap viv lavil Awoyè. Rete sou bò wout la tann. Mande moun k'ap kouri met deyò yo sa ki pase.
Micah 4:4Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki soti nan bouch Seyè a!