The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 17 › Isaiah 17:3

Isaiah 17:3

Peyi Efrayim lan pral rete san anyen pou pwoteje l'. Lavil Damas pral pèdi libète granmoun li. Ti rès moun peyi Siri a pral gen menm sò ak ti rès moun pèp Izrayèl yo. Yo pral pèdi bèl pouvwa yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.

Bib La

In The King James Version

The fortress also shall cease from Ephraim, and the kingdom from Damascus, and the remnant of Syria: they shall be as the glory of the children of Israel, saith the LORD of hosts.

In Context

2Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò.

4Seyè a di ankò: -Yon jou gen pou rive. Lè sa a, tout bèl pouvwa peyi Jakòb la pral disparèt. L'ap pèdi tout richès li, l'ap vin pòv.

Read all of Isaiah 17

Cross References

2 Kings 16:9Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin.

Isaiah 7:8Poukisa? Lavil Damas se kapital peyi Siri. Rezen se wa lavil Damas. Pou pèp peyi Izrayèl la menm, m' pa ba l' swasannsenkan ankò, peyi yo a ap fin kraze, yo p'ap yon nasyon ankò.

Isaiah 8:4Paske, anvan pitit la ka pale pou l' di papa manman, moun peyi Lasiri yo va gen tan pran tout richès moun lavil Damas yo ak tou sa moun Samari yo pran nan piyay, y'a pote yo ale bay wa pa yo a.

Isaiah 16:14Koulye a, Seyè a pale ankò. Li di konsa: Nan twazan, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, yo pral pase sa ki fè pouvwa peyi Moab la nan tenten. Atout li gen anpil moun koulye a, se de twa ase ki pral rete, yon ti ponyen tou fèb ki p'ap vo anyen!

Isaiah 28:1Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!

Hosea 1:6Gomè vin ansent ankò. Li fè yon pitit fi. Lè sa a, Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Lowouchama, paske m'ap san pitye pou moun Izrayèl yo ankò. p'ap gen padon pou yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 17:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 17:2Isaiah 17Isaiah 17:4 →