Isaiah 5:17
Toupatou, nan lavil yo, mouton yo ap mache manje zèb tankou nan savann. P'ap gen pak ankò pou angrese bèt. Tout bèt ap lage. Y'ap mache manje toupatou nan lavil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
Psalms 17:10Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale.
Psalms 73:7Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
Isaiah 1:7Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.
Isaiah 7:25Nan tout mòn kote yo te konn travay ak wou pou plante, pesonn p'ap ka ale la ankò poutèt pikan ak raje. Se bèf y'a lage la, se la mouton yo pral manje.
Isaiah 17:2Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò.