Isaiah 19:16
Jou sa a, gason peyi Lejip yo ap tankou fanm: yo pral tranble, kè yo pral kase lè y'a wè Seyè ki gen tout pouvwa a ap leve men l' pou pini yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Nan peyi Lejip, pesonn, rich kou pòv, gwo kou piti, pa ka fè anyen pou peyi a ankò.
Cross References
Exodus 11:6Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò.
Isaiah 10:32Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb. L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo. L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.
Isaiah 30:17Lè n'a wè yon sèl moun nan lènmi yo, mil nan nou pral kraze rak. Lè n'a wè senk menm, se nou tout k'ap kouri met deyò. Sèl bagay k'ap rete nan lame nou an, se va drapo n'a kite kanpe sou tèt ti mòn lan.
Jeremiah 30:5Mwen tande moun ap rele anmwe. Tout moun tèt anba, yo pa konn sa pou yo fè.
Jeremiah 51:30Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.
Nahum 3:13Sòlda ou yo, ou ta di yon bann fanm! Peyi a ap san defans devan lènmi ou yo, dife boule ba ki fèmen pòtay ou yo. Yo rete gran louvri.