Isaiah 30:17
Lè n'a wè yon sèl moun nan lènmi yo, mil nan nou pral kraze rak. Lè n'a wè senk menm, se nou tout k'ap kouri met deyò. Sèl bagay k'ap rete nan lame nou an, se va drapo n'a kite kanpe sou tèt ti mòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:8Senk moun nan mitan nou va kont pou bat san lènmi, san moun nan mitan nou va kont pou bat mil lènmi. N'a kraze lènmi nou yo anba kout nepe nou yo.
Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.
Deuteronomy 32:30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
Nehemiah 1:2Anani, yonn nan frè m' yo, rive soti nan peyi Jida ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl jwif yo, ti ponyen moun pèp Izrayèl ki te soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Jerizalèm.
Isaiah 1:7Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.
Isaiah 6:13Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe pye kajou ak pye bwadchenn. Chouk la ase ki va rete. Chouk sa a va pouse ankò, pèp Bondye a va kanpe ankò.