Exodus 11:6
Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:18Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a.
Proverbs 21:13Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
Isaiah 15:8Toupatou, sou fwontyè peyi Moab la, se rèl. Rèl yo rive jouk nan zòrèy moun lavil Eglayim ak moun lavil Berelim.
Jeremiah 31:15Men sa Seyè a di ankò: -Yo tande yon sèl rèl nan Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle kite pesonn konsole l' paske pitit li yo mouri.
Amos 5:17Nan tout jaden moun ap plenn. Tou sa, paske m'ap vin pini nou. Se Seyè a menm ki di sa.
Luke 13:28Lè n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo.