Isaiah 19:18
Lè sa a, y'a gen senk lavil nan peyi Lejip kote moun va pale ebre. Moun la va pran non Seyè ki gen tout pouvwa a pou fè sèman. Yonn nan lavil sa yo va rele Lavil Solèy.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 11:1Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt.
Nehemiah 10:29nou mete tèt nou ansanm ak frè nou yo ki chèf nan mitan nou, nou fè sèman pou nenpòt bagay rive nou si nou pa kenbe pwomès n'ap fè la a. Nou pran angajman n'ap mache dapre lalwa Bondye te bay Moyiz, sèvitè l' la, pou nou. Nou pran angajman n'ap obeyi tou sa Seyè a, Bondye nou an, kòmande nou pou nou swiv ansanm ak tout regleman ak tout lòd li ban nou yo.
Isaiah 2:11Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 14:1Wi, kè Seyè a pral fè l' mal pou fanmi Jakòb la. L'ap chwazi pèp Izrayèl la ankò pou pèp pa li. L'ap kite yo rete nan peyi ki pou yo a. Moun lòt nasyon va vin jwenn yo, y'a rete viv ansanm ak moun fanmi Jakòb yo.
Isaiah 19:21Jou sa a, Seyè a va fè moun Lejip yo konnen ki moun li ye. Yo menm y'a rekonèt sa, y'a ofri bèt pou touye pou li, y'a ofri rekòt nan jaden yo ba li. Y'a fè Seyè a gwo pwomès. Lèfini, y'a kenbe pwomès yo.
Isaiah 45:23Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.