Isaiah 19:21
Jou sa a, Seyè a va fè moun Lejip yo konnen ki moun li ye. Yo menm y'a rekonèt sa, y'a ofri bèt pou touye pou li, y'a ofri rekòt nan jaden yo ba li. Y'a fè Seyè a gwo pwomès. Lèfini, y'a kenbe pwomès yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 17:46Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.
Psalms 67:2(067:3) pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm.
Psalms 98:2Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.
Isaiah 11:9Pesonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.
Isaiah 44:5Yonn apre lòt, moun yo pral di: -Se pou Seyè a mwen ye! Y'a vin mete tèt yo ansanm ak fanmi Jakòb yo. Yo tout pral make non Seyè a nan pla men yo. Y'a di se moun pèp Izrayèl la yo ye tou.
Isaiah 56:7m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m'.