Isaiah 19:20
Sa va sèvi yon mak pou fè konnen Seyè ki gen tout pouvwa a kanpe la nan peyi Lejip la. Lè moun va konprann pou fè yo pase tray, y'a lapriyè Seyè a mande l' sekou. Seyè a va voye yon moun pou vin delivre yo. L'a pran defans yo, l'a sove yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 2:23Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
Joshua 4:20Se la Jozye pran douz wòch yo te pran nan mitan larivyè Jouden an, li mete yo kanpe fè yon wonn.
Joshua 22:34Moun branch fanmi Woubenn yo ak moun branch fanmi Gad yo rele lotèl la Temwen, paske yo t'ap di: L'a sèvi temwen devan nou tout se Seyè a ki Bondye.
2 Kings 13:4Lè sa a, Joakaz lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li paske li te wè jan wa peyi Siri a t'ap toupizi moun peyi Izrayèl yo.
Isaiah 19:4Mwen pral lage moun Lejip yo nan men yon chèf ki rèd anpil, nan men yon wa mechan ki pral gouvènen yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
Isaiah 37:36Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.