Isaiah 5:15
Yo pral trennen tout moun nan labou. Yo pral fè yo wont. Tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo pral bese je yo atè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:17Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale.
Psalms 62:9(062:10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
Isaiah 2:11Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 2:17P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Isaiah 13:11Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.