Isaiah 10:33
Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Isaiah 2:11Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 2:13L'ap detwi tout gwo pye sèd ki byen wo nan peyi Liban an, tout gwo pye bwadchenn ki byen wo nan peyi Bazan an.
Isaiah 18:5Paske, menm jan anvan rekòt rezen yo, lè yo fin fleri, lè rezen yo pral mi, yo debranche yo ak kouto, yo wete tout ti branch yo, yo ba yo lè, se konsa lènmi yo pral detwi moun peyi Letiopi yo.
Isaiah 37:24Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kantite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn ata sou mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye sikren li yo, mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.
Jeremiah 22:7M'ap chwazi moun ak rach pou m' voye detwi nou. Yo pral koupe tout bèl bwa sèd nou yo, y'ap voye yo jete nan dife.