Isaiah 10:10
Menm jan mwen te leve men m' pou m' te pini peyi k'ap sèvi zidòl yo, peyi ki te gen plis estati zidòl pase lavil Jerizalèm ak lavil Samari,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 19:12Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezèf ak dènye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo?
2 Chronicles 32:12Apa Ezekyas menm ki te disparèt dènye lotèl ak dènye kote yo te konn fè sèvis pou Seyè a, lèfini ki te di tout moun peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo se devan yon sèl lotèl pou yo fè sèvis, pou yo boule lansan?
2 Chronicles 32:14Pa gen yonn nan bondye lòt nasyon zansèt mwen yo te detwi yo ki te rive delivre yo anba men mwen. Poukisa atò nou vle kwè Bondye nou an ka delivre nou anba men m'?
Isaiah 10:14Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.