Isaiah 20:2
Men anvan sa, Seyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la. Li te di l': Wete rad sak kòlèt ki sou ou a ak sapat ki nan pye ou la. Se sa menm Ezayi te fè. Se konsa li t'ap mache toutouni pye atè nan lari.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 5:15Kòmandan an chèf lame Seyè a di l' konsa: -Wete sapat nan pye ou. Kote ou kanpe a se yon kote ki apa pou Bondye. Epi Jozye fè sa li di l' fè a.
2 Samuel 6:20Apre sa, David al lakay li pou l' beni fanmi pa l' tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, soti vin kontre li. Epi li di l' konsa: -Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k'ap sèvi avè l' yo!
Job 1:20Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li.
Jeremiah 13:1Seyè a pale avè m', li di m' konsa: -Al achte yon sentiwon lenn, mare l' nan ren ou. Men, piga ou tranpe l' nan dlo.
Ezekiel 4:5Mwen deside pou yo pase twasankadrevendizan (0390) ap peye pou peche yo. Konsa, m'ap fè ou pase twasankatrevendi (0390) jou ap pote chay peche moun peyi Izrayèl yo, yon jou pou chak lanne.
Ezekiel 24:23N'ap toujou mare bèl foula nan tèt nou. N'ap toujou mete sapat nan pye nou, nou p'ap rele, nou p'ap kriye jan moun yo fè lè yo gen lanmò. Men, nou pral deperi akòz mechanste nou yo. Nou pral plenn sò nou yonn bay lòt.