Jeremiah 13:1
Seyè a pale avè m', li di m' konsa: -Al achte yon sentiwon lenn, mare l' nan ren ou. Men, piga ou tranpe l' nan dlo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Se konsa m' achte yon sentiwon jan Seyè a te di m' lan. Mwen mare l' nan ren mwen.
Cross References
Jeremiah 13:11Menm jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m', pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m'. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 19:1Seyè a di m' konsa: -Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou.
Jeremiah 43:9-Pran kèk gwo wòch, antere yo nan mòtye pave ki devan pòt pou antre kay farawon an, lavil Tapanès. W'a fè l' pou moun peyi Jida yo wè ou ap fè l'.
Hebrews 1:1Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo.