Isaiah 21:11
Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 25:14Michma, Douma, Masa,
Genesis 32:4Men sa li ba yo lòd pou yo di: -Men sa n'a di Ezaou, mèt mwen: Jakòb, nèg pa ou la, voye di ou konsa, li te pase tout tan sa a lakay Laban. Se poutèt sa li te pran tout reta sa a pou l' tounen.
Deuteronomy 2:5Pa chache yo kont, paske mwen p'ap ban nou ata yon pous tè nan peyi yo a. Se mwen menm ki bay moun fanmi Ezaou yo tout mòn Seyi a nèt pou yo rete.
1 Chronicles 1:30Michma, Douma, Masa, Adad, Tema,
Isaiah 21:6Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Ale non! Mete yon gad veye! W'a di l' pou l' fè ou konnen tou sa la wè.
Isaiah 34:5Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri.