Isaiah 21:13
Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Arabi yo: -Nou menm moun peyi Dedan, se nan mitan raje ki nan savann Arabi a nou pral moute kan nou pase nwit!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 10:15san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo.
1 Chronicles 1:32Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan.
Isaiah 13:20Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.
Jeremiah 25:24tout wa peyi Arabi yo, tout wa ki rete nan dezè bò solèy kouche a,
Jeremiah 49:28Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Men mesaj Seyè a bay sou yo: -Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo.
Ezekiel 27:20Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo.