Jeremiah 49:28
Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Men mesaj Seyè a bay sou yo: -Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
27M'ap mete dife nan miray Damas yo. Dife a ap boule palè wa Bennadad la.
Cross References
Genesis 25:13Men non pitit Izmayèl yo. N'ap konmanse ak pi gran an pou rive sou pi piti a. Nebajòt te premye pitit Izmayèl. Apre li vini Keda, Adbeyèl, Mibsam,
1 Chronicles 1:29Pitit gason Izmayèl yo te vin zansèt douz branch fanmi: Se te Nebajòt, premye pitit Izmayèl la, Keda, Adbeyèl, Mibsam,
Psalms 120:5Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.
Isaiah 11:14Y'ap mete ansanm, yo pral atake moun Filisti yo ki bò solèy kouche, yo pral piye moun k'ap viv bò solèy leve yo. Yo pral donminen sou peyi Edon ak sou peyi Moab. Moun peyi Amon pral soumèt devan yo.
Isaiah 21:13Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Arabi yo: -Nou menm moun peyi Dedan, se nan mitan raje ki nan savann Arabi a nou pral moute kan nou pase nwit!
Isaiah 42:11Se pou dezè a ak tout lavil yo chante pou Seyè a! Se pou tout kote moun Keda yo rete a fè lwanj li! Se pou moun ki rete lavil Sela a rele byen fò sou tèt mòn yo tèlman yo kontan!