Isaiah 21:8
Gad la rele byen fò: -Mèt, m'ap rete kanpe la nan pòs mwen tout lajounen. Mwen p'ap deplase kote m' ye a. M'ap veye tout lannwit.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 63:6(063:7) Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
Isaiah 5:29Sòlda yo gwonde tankou fenmèl lyon. Yo rele tankou yon bann ti lyon. Yo gwonde, yo tonbe sou bèt yo pran an, yo pote l' ale. Pa gen moun ki pou rache l' soti nan bouch yo!
Isaiah 62:6Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou.
Jeremiah 25:38Tankou yon lyon ki kouri kite twou li, tout moun ap mete deyò. Peyi a pral tounen yon dezè apre lagè san manman sa a, apre gwo kòlè Seyè a.
Jeremiah 50:44Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini. M'ap fè moun yo kouri kite peyi a, anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'?
1 Peter 5:8Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.