Isaiah 23:13
Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l' nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou, paske yo detwi gwo pò nou an!
Cross References
Genesis 2:14Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat.
Genesis 11:9Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.
Genesis 11:31Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.
2 Kings 20:12Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.
Ezra 4:9Se mwen menm, Reyoum, gouvènè a ak Chimchayi, sekretè pwovens la, ki ekri lèt sa a ansanm ak tout lòt kòlèg nou yo anplwaye gouvenman an, moun lavil Den, moun lavil Afasatak, moun lavil Tapèl, moun lavil Afaras, moun lavil Erèk, moun lavil Babilòn, moun lavil Souz, moun lavil Deya ak moun peyi Elam,
Psalms 72:9Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè.