Isaiah 24:11
Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
There is a crying for wine in the streets; all joy is darkened, the mirth of the land is gone.
In Context
10Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò.
12Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.
Cross References
Proverbs 31:6Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.
Isaiah 9:19Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn.
Isaiah 24:7Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn.
Isaiah 32:13Nou pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a.
Jeremiah 48:33Pa gen kè kontan ak fèt ankò nan jaden rezen peyi Moab yo. Pa gen yon degout diven ankò nan barik yo. Pa gen yon moun k'ap travay nan moulen pou fè diven. Nou pa tande yon moun ap bay ankourajman.
Hosea 7:14Lè yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m' ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y'ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m'.