Isaiah 40:9
Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!
Bib La
In The King James Version
In Context
8Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!
Cross References
1 Samuel 26:13Lè sa a, David janbe lòt bò fon an, li kanpe sou tèt ti mòn lan, byen lwen ak yon bèl distans nan mitan li ak lame a.
Ezra 1:1Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:
Isaiah 25:9Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Seyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou.
Isaiah 35:4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.
Isaiah 51:7Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm ki kenbe lòd mwen yo nan kè nou, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou, nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.
Isaiah 52:6Men jou sa a, pèp mwen an va rekonèt se mwen menm Bondye, ki pale ak nou! Men mwen!