Isaiah 26:12
Seyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l' pou nou!
Bib La
In The King James Version
LORD, thou wilt ordain peace for us: for thou also hast wrought all our works in us.
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
Psalms 57:2(057:3) M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.
Psalms 90:17Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
Jeremiah 33:6Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje.
Ezekiel 20:14Men, mwen pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.