Isaiah 26:14
Sa ki mouri yo mouri nèt, lespri yo p'ap leve ankò. Paske, ou pini yo, ou disparèt yo. Ou fè pa gen moun k'ap chonje yo ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:30Sè jou sa a Seyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Lejip yo. Moun pèp Izrayèl yo te wè kadav moun peyi Lejip yo sou tout bò lanmè a.
Job 7:9Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò.
Job 24:20Tout moun bliye yo. Ata manman ki fè yo pa chonje yo. Se vè k'ap manje kadav yo. Yo fini tankou yon pyebwa yo koupe jete.
Psalms 106:28Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo.
Proverbs 10:7Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.
Isaiah 10:3Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?