Isaiah 26:6
Pòv yo ak malere yo ap foule l' anba pye yo!
Bib La
In The King James Version
The foot shall tread it down, even the feet of the poor, and the steps of the needy.
In Context
7Seyè, ou fè chemen an dous pou moun k'ap mache dwat, ou louvri yon bèl chemen plat pou yo.
Cross References
2 Kings 9:33Jeou di yo: —Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la.
Isaiah 25:10Seyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Moab yo anba pye l', menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt.
Isaiah 60:14Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Daniel 7:27Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.
Malachi 4:3Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m' aji a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
Luke 10:19Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.