Isaiah 25:10
Seyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Moab yo anba pye l', menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:17Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.
Psalms 132:13Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
Isaiah 10:6Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
Isaiah 11:10Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.
Isaiah 12:6Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
Isaiah 15:1Men sa Bondye di k'ap rive peyi Moab: -Y'ap detwi lavil A Moab nan yon grenn nwit. Tout peyi Moab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki Moab la! Apre sa, tout peyi a frèt!