Isaiah 27:1
Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Jou sa a, y'a chante yon chante sou jaden rezen k'ap bay bon diven an.
Cross References
Job 3:8Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an!
Job 26:13Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a.
Psalms 45:3(045:4) Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou.
Psalms 104:26Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'.
Isaiah 34:5Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri.
Isaiah 65:25Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pesonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Seyè a menm ki di sa!