Isaiah 30:22
N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 13:52Prèt la va boule bagay ki kanni an, paske se yon move maladi k'ap manje tout rad la. Se pou yo boule l' nan dife.
Judges 17:3Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l'. Manman an di l' konsa: -Mwen te mete lajan an apa pou Seyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l' pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò.
2 Chronicles 31:1Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.
Isaiah 2:20Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit.
Isaiah 27:9Men, pou l' padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a.
Isaiah 46:6Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'.