Isaiah 30:23
Lè n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l' fè yo pouse. L'a fè tè a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou fòs. N'a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:26Sèt vach gra yo, se sèt lanne. Sèt bèl grap yo se sèt lanne tou. Yo vle di menm bagay.
Leviticus 25:19Tè a va bay rekòt li, n'a manje kont nou, epi n'a viv nan peyi a ak kè poze.
Leviticus 26:5Lè sa a, nou p'ap anko fin bat ble, n'ap gen tan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gen tan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen.
Psalms 36:8(036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
Psalms 67:7(067:8) Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.
Psalms 107:35Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.