Isaiah 31:8
Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l'. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l' yo fè yo tounen esklav.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Jou sa a, n'a voye jete tout bann vye zidòl nou te fè an ajan ak an lò ak men plen san nou yo.
Cross References
Genesis 49:15Li wè jan kote li poze kò l' la nan gou li, li wè jan peyi a bèl. Li pare do l' pou l' pote chay li. Li tounen esklav pou l' travay di.
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Isaiah 10:16Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.
Isaiah 10:33Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
Isaiah 17:13Nasyon yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale.
Isaiah 30:27Pouvwa Bondye a pral vin soti byen lwen. Dife ak lafimen ap fè wè jan li move. L'ap fè kòlè, pawòl li yo tankou boukan dife nan raje.